"When crafting our accessories, the human hand is our most valuable tool. Each artisan creating a piece puts in a lot of his time, his skill and most of all his passion. That is why we believe that our creations have a soul. They are not mere objects but the product of a wonderful human adventure…”
Jeanniton, kouti « Mwen se kὸdonye, papam te kὸdonye tou. M ka di metye sa a se yon don m genyen nan san m. Mwen vle bay plis toujou lè m wè bὸs mwen, Pascale Théard, ap prezante nou bay kliyan yo avèk onѐ e fyète. » Jeanniton, sewing : « I'm a shoemaker, my dad was a shoemaker too. I can say this profession is a gift that I cherish. I am motivated when my boss, Pascale Théard, introduces us to her clients with pride and honor. »
Tètè, bwodèz « Se nan ‘Pascale Théard Créations’ m aprann fè bwodri sou kwi, e se nou menm ki premye fѐ sa ann Ayiti » Tètè, embroiderer : « I learn to embroider on leather at ‘Pascale Théard Créations’, and we’ve been the first to do it in Haïti. »
Féfé Patrick, monte semѐl « Felisitasyon m jwenn nan travay mwen eksite m fè li ak plis pasyon. Pascale Théard apresye travay atis yo, li mete l nan po atis yo, li fyѐ de yo. » Féfé Patrick, sole assembler : « The congratulations received for my work encourage me to do it with more passion. Pascale Théard appreciates the artists’ work; she puts herself in their shoes and is proud of them… »
Merisca, bwodèz « Metye m se bwodri, bwodri a se pasyon m. M renmen lè men m reyalize yon bèl desen an pèl e an payèt. Yon desen m ka esplike, ke mwen pa kopye, ki rele nou chè mèt chè metrès, ki fè pati de nou menm Ayisyen. Chak fwa m gade sa m reyalize, m santi m fyè deske m se Ayisyen. » Merisca, embroiderer: « My profession is embroidery and it is also my passion. I like to make beautiful beaded and sequined drawings with my hands. Drawings I can explain, that I did not copy from someone else, that come from my deep culture, the Haitian culture. Each time I look at a finished piece, I am proud to be Haitian. »
Brinache, bwodèz « Nan ‘Pascale Théard Créations’ m reyalize bèl bwodri sou kwi ak pèl e payèt, ki enpresyone tout moun, ayisyen tankou etranje. M ka di bwodri a se mwen e mwen se bwodri. » Brinache, embroiderer : « At ‘Pascale Théard Créations’ I make beautiful embroidery on leather with beads and sequins that arouse admiration from everyone, Haitians and foreigners alike. I can say embroidery is me and I am embroidery. »
Jean-Marie, desinatѐ « Nan ‘Pascale Théard Créations’ nou se yon ekip solid ki toujou travay pou voye kilti peyi nou pi wo… Isit la anbyans lan se yon lòt nivo, nou santi nou gen plas nan sa kap fèt yo. E sa fѐ nou bay tout nou menm nan travay la, nou travay ak men e ak kѐ nou. » Jean-Marie, draftsman : «At ‘Pascale Théard Créations’ we are the team who always work to promote our culture... Here we feel a great vibration and we feel like we belong. And this feeling makes us give our best to the work. We work with our hands and our hearts. »
Natacha, bwodèz « Si w pa gen pasyans, ou pa ka fè bwodri. » Natacha, embroiderer : « You need lots of patience to be an embroiderer. »
Luis Lebron Sanchez, patronista « Soy dominicano, patronista y fabricante de accesorios de cuero. Trabajo aquí desde el 2012 con ‘Pascale Théard Créations’. Puedo decir que traje mi saber-hacer y he ayudado a mejorar la calidad de los productos. Me siento orgulloso de haber participado en el desarrollo de una marca haitiana. Me siento como en familia, me gusta el humor y la cultura haitiana. Se dice que sonreír te hace más joven, entonces Haití me hizo rejuvenecer de más de 10 años. » Luis Lebron Sanchez, pattern designer: « I am Dominican, pattern designer and I make leather accessories. I'm working for ‘Pascale Théard Créations’ since 2012. I can say thay my expertise helped to improve the quality of the products. I am proud to have participated to the improvement of a Haïtian brand. Here, I feel at home, I love the humor and the haitian culture.... They say smiling makes you look younger, then Haïti made me 10 years younger! »
Jhoé, dènye touch « M fè metye sa a ak tout mwen menm! M panse si tout atizan ayisyen te gen menm ideoloji sa a, imaj atizana nou an tap monte pi wo. Sa ta ede nou rive pi lwen. » Jhoé, finishing touch : « I put all of myself in my work! I think that if all the artisans had the same ideology our arts and crafts would be more valuable, we would make it to the next level… »
Marie, bwodèz « Transfòme yon desen lanvè landwat mande anpil pasyans… se pasyon m. » Marie, embroiderer: « Transforming a drawing from the inside to the right way out requires a lot of patience... it is my passion.»
Féfé Jean Eddy, kouti « Nan ‘Pascale Théard Créations’ nou travay ansanm avèk santiman e plezi, nou konekte yonn ak lòt, nou pataje menm ideoloji ki se voye imaj atizana ayisyen pi wo. » Féfé Jean Eddy, sewing : « At ‘Pascale Théard Créations’ we work together with a lot of affection and pleasure, we are connected to one another, we share the same project of placing Haitian arts and crafts on a higher level. »
Jean Bebeto, fabrikasyon ti’Kongo « Se yon travay m renmen fѐ. Li fѐ m manyen kὸb m pat konn manyen e li fѐ m ka ede paran m tou. Tout sa ban m jarèt pou m travay byen. » Jean Bebeto, handcrafting ti’Kongo: « It's a work I enjoy doing, it helps me make a living and I can also help my family. That’s why I am motivated to work better.»
Emmanuel Junior Saint-Vil, fabrikasyon ti’Kongo « Mwen fabrike ti’Kongo, li vrѐman enteresan, li mande anpil pasyans paske se ak men li fѐt. Pou mwen ti’Kongo se yon pwodwi atizana. Atizana se idantite nou. » Emmanuel Junior Saint-Vil, handcrafting ti’Kongo : «I handcraft ti’Kongo, it's truly interesting, it demands a lot of patience because everything is handmade. The ti’Kongo is a craft product. Arts and craft are our identity. »
Vil Ralphson, fabrikasyon ti’Kongo « M renmen travay sa a anpil, se yònn nan rezon ki fè m gen tout tan sa a m ap egzѐse l, anplis, li ede m pran swen tѐt mwen pi byen ke avan. Pou mwen yon ti’Kongo plis ke yon pὸtkle. Chak ti’Kongo gen yon vi, yon espri, sa depann de pèsonalite moun ki achte l la. » Vil Ralphson, handcrafting ti’Kongo: « I like this work a lot, that's why I’ve been doing it for so long, besides, it helps make a better living than before. For me a handmade ti’Kongo is more than a key ring... It has a life, a spirit of his own... who will evolve with the personality of its owner. »